Èd legal nan dosye sivil: dezyèm sekouris yo

Lè siklòn ak lòt dezas natirèl frape, premye sekouris yo asire yo ke tout moun jwenn sa ki pi nesesè – tankou manje, abri, dlo ak kouran epi swen sante. Men lè sinistre yo rive nan moman pou yo rekomanse lavi nòmal yo, se lè sa yo depann de dezyèm sekouris yo. Moun ki ap bay èd legal nan dosye sivil fè pati dezyèm sekouris ki pi enpotan yo.

Òganizasyon k ap bay èd legal nan dosye sivil bay asistans nan ka tankou:

  • Jwenn sipò FEMA oubyen lòt kalite asistans leta ofri
  • Fè reklamasyon nan men konpayi asirans vi, sante ak asirans byen
  • Regle dosye reparasyon kay ak konpayi ki ap fè travay sila
  • Ranplase testaman ak lòt dokiman legal enpòtan ki pèdi oubyen domaje pandan siklòn nan
  • Ede nan zafè dwa konsomatè, jwenn rekou ak pwosedi ki disponib
  • Bay konsèy sou jesyon ipotèk ki sou kay oubyen sou pwoblèm ant lokatè ak mèt kay

 

Moun Florida ki ap chèchè èd legal nan dosye sivil gen plizyè opsyon :

Mande asistans nan men yon avoka volontè

Santdapèl Sèvis Legal pou Dezas nan Florida: (866) 550-2929